Remèd natirèl pou elimine opresyon,enfeksyon nazal,bwonch fèb,fyè sezonyè ak sinizit.


    ✅ Remèd natirèl pou'w konbat grip

Pou you moun rive elimine grip, las, opresyon, bwonch fèb, enfeksyon nazal, fyèv sezonyè, sinizit:

Koupe 2 pat lalwa ki frèch, mete'l tranpe nan you ti vè  tafya , 3 a 5 kiyè siwo myèl òganik, 10 grenn lay kale, 1 boutèy dlo mineral. Mete yo nan yon blenndè, epi blennde yo ansanm. Aprè bwè melanj sa pou'w kapab lite avèk grip la.

#Detay: lè nou pale de fèy lalwa se sa nou rele pat lalwa a mwen vle pale nou. Retire 2 arebò ki genyen pikan yo. kale yon bò nan pat lalwa a, ake yon kiyè dekrase jèl ou nannan an. Mete li nan yon blendè pwòp. Pa bliye se 2 pat lalwa.

-Pou ti vè tranpe a - se tafya oswa kleren yo masere ake rasin, ekòs plant. Si nou pa genyen tafya tranpe, mete yon ti vè wonm/rhum ou vodka, ou whisky. Pa janm mete diven ou byen byè/beer.
Vide ti vè wonm nan nan blenndè'a.

-Kale mezi 8 a 10 grenn lay, mete yo nan blenndè a.

-Mete mezi 3 a 5 kiyè siwo myèl òganik. Si moun nan pa konsome sik, evite mete siwo myèl - sèl bagay li pral anmè anpil.

-Mete mezi yon ti boutèy dlo mineral. Se pa fake dlo mineral yo, achte bon boutèy dlo mineral. Si nou mete yon gwo boutèy nou kapab bwè bonm sa 2 fwa nan yon jounen. Si se yon piti bwè li yon fwa.

-sa jwe wòl preventif & curatif. Sa ki vle di ou pa bizwen malad pou w bwè dòz sa. ou kapab fè li pou wou ak pitit ou depi li genyen 21 lanne, paske timoun pa bwè bagay ki genyen tafya nan peyi isi.


Enregistrer un commentaire

3 Commentaires
* Please Don't Spam Here. All the Comments are Reviewed by Admin.