Remèd ak konsèy pou gason ki gen enfeksyon.


      Konsèy sou enfeksyon (pou gason)
           

Gen anpil gason ki konn arive pran sa yo rele enfeksyon an, an fransè yo rele sa (INFECTION URINAIRE), se yon enfeksyon ke gason an pran nan peni li(oswa kòk li), kòm sentom gason an konn santi kanal penil ap gratel, e li konn ap bay pij blanch e lè li dejenere oswa pi grav li konn vini tou jòn nan tèt peni an, e li ap bay vye sant😷.

-E lè li vin grav sou gason an, li konn anpeche gason an pipi tèlman kanal li ap boulel, e si gason sa al nan fè sèks pandan li vin grav la, li ka Peye konsekans lan.

nan ka pa gason an, enfeksyon an pa konn soti twò lwen ke kay fi an, epi nan met kalson ki sal(sire).

NB: mwen pa di sa pou blese e fè pèsonalite okenn fi svp!

-Youn nan koz ki konn lakoz gason an enfekte se lè ke li al nan relasyon seksyèl(fè sèks) avèk fi an epi li pa met kapòt, donk li pa pwoteje, e ke fi sa gen enfeksyon, akoz de neglijans kay fi an, menm jan m te pale pou enfeksyon kay fi a.🚫

- lòt bagay ki konn lakoz, gason ki ap kite slip oswa boksè fè youn a 2 semèn sou yo san yo pa chanjel oswa lavel yo, leur sa ou gen tout chans pouw enfekte.
 Sa konn rive ou wè bò kwis ou ap dekale, deplimen tèlman boksè an sal.❌

-Mwen paka asure nou remèd natirèl a 100%, men mwen ka ba nou konsèy ki trè senp pou nou sove po nou anba enfeksyon.✔✔

- Nou ka chèche nan famasi, nou ka achte omwen yon ti plakèt konprime ki rele ANPISILIN 500 oswa AMOXILIN, sa pral depann de ki zòn nou rete an, li pap koute noutwò chè. Men li plis rekòmande pou bwè ANPISILIN 500 an.

NB: pandan nap swiv trètman, pa al nan fè sèks, sitou san kapòt🚫❌, toujou met kalson ki pwòp✔!

-Metòd
N'ap pran oswa bwè'l 3 fwa pa jou pandan 7 jou!
Nou pa dwe ni nan fè sèks pandan trètman an, ni nan sote jou, sinon nou pap geri.

-Oswa achte yon grenn sitwon, w'ap koupel an 2 wap pran yon grenn konprime epiw ouvè konprime a ou ap vide li nan yon kiyè epi w'ap pije sitwon an ladann epi bwè'l.

Enregistrer un commentaire

10 Commentaires
* Please Don't Spam Here. All the Comments are Reviewed by Admin.
  1. Réponses
    1. Bonswa koman nou ye? Yon konsey stp, si tout fwa yon bason genyon enfeksyon kote penil genyon ti dlo blanch lap bay et lap gratel li pran komprime twafwa pajou li toujou menm jan an kisal kafe pousa anko?

      Supprimer
  2. Bonjour! Eske si yon moun chak li sot pipi, oubyen si peni li fè anpil tan ap rèd lèl panse ak anvi fè bagay tròp, sa ka koz peni li bay spèm svp?

    RépondreSupprimer
  3. Si gason fè anpil tan li pa fè bagay ske sa ka koz lap bay spèm lèl sot pipi? Oubyen ske se enfeksyon svp? Mwen bezwen yon ti idr de sa svp

    RépondreSupprimer
  4. Bonswa si yon mou li gen yon enfeksyon vajenl konn ap gratel e li fè anpil bagay leve bò kwis li e li bay move snt pafwaeske moun nan papa ka jwenn yon solisyon pou sa

    RépondreSupprimer
  5. Bonswa svp eske si enfeksyon an gen twa lane li fe sou moun nan eske li pap merite pran plis svp

    RépondreSupprimer
  6. Si peni an gen tibouton touron nan tet li kisak fèsa e kisa poul fè

    RépondreSupprimer
  7. Bonsoir si gason anh gen enfeksyon chak lè li bande épi pénis anh ap fèl mal Koman nou ka fè pousa Kisak ki koz sa tou svp

    RépondreSupprimer
  8. Bnjour si madanm mwen gen enfeksyon epi mwen chak fwa mwen al nan relasyon avèl mwen bande epi mwen tonbe sanm pa ehakile sak koz bagay sa yo svp èske se enfeksyon an oubyn

    RépondreSupprimer