Remèd pou gason ak fi ki gen gwo vant ak grès nan kò yo.



     Konsèy pou kase gwo vant e gwosè kò

-Gen anpil fi depi yo fè pitit, vant yo tou gate tèlman li vin gwo, li vin lage tou e an menm tan fi a konn gen tandans a vin gwo anpil 😱, pandan se tan li pa renmen sa. Sa konn rann yo pèdi chèlbè yo 😢, yo konn rayi tèt yo pou sa sèlman. E genyen fi tou se depi yo fèt yo konsa😉

-Gen anpil gason tou ki konn men gwosè tou e men gwosè boul vant yo, sa ki konn rann yo san fòm tou 😢, genyen tou se depi yo fèt yo konsa.😉

Enkonvenyan: lè se gwosè w ou bezwen kase ak vant ou, sa mande anpil pasyans, si'w pa gen pasyans ou ap dekouraje nan wout e ou pap ka swiv trètman yo, e fòk mwayen ekonomik ou nòmal tou, paske gen rejim ou pral fè li ap mande yon lòt tip de alimantasyon e ki pral mande kòb.

Mwen toujou jwenn moun ki ekri'm sou kase gwosè e gwo vant lan.Ebyen men kèk konsèy:

- Nou ka utilize #AVWÀN, nou ka mete li tranpe nan dlo pandan 30 minit epi pran li blennde li a tout dlo ou te mete li tranpe an byen fen, epi mete li nan gode oswa nan yon ti bout po, men ou ap fè sa 2 fwa pa jou, maten epi aswè, pa mete sik, mete yon ti sèl pito.
Si'w gen frijidè, ou ka fè yon bon valè epi sere nan frijidè ou, chak jou ou bwè an total 2 gode.
NB: fè trètman jiskaske ou jwenn gwosè nòmal ke ou vle genyen an.

- Evite manje grès, manje ki gra anpil, evite bwè lèt, pa manje farin, pa manje anpil bagay sikre (sucréri), pa manje anpil vyann, sitou sa ki gen anpil grès. Ex: vyann kochon.
- men manje pito, anpil fèy, manje bannann, ou ka manje pwason, mayi moulen, blé, aransò, aransèl, manje anpil fwi ak legim.

- bwè anpil ji sitwon, chadèk, grenadya, pa mete anpil sik ladan yo, paske anpil sik ka fè'w gwosi, si'w gen siwo myèl oswa kann utilize yo pito, manje mandarin tou.

Si'w pa gen kòb pou trètman sa, ou ka pran wout GYM pou ou, donk al fè espò pou'w kase gwosè a e vant ou tou, men sa pral mande anpil pasyans tou.

Enregistrer un commentaire

1 Commentaires
* Please Don't Spam Here. All the Comments are Reviewed by Admin.