Konsèy pou fè vajen an sere (natirèlman)
Yon fason pou ka fè vajen an rete fèm
-Gen fi depi yo akouche plizyè fwa, vajen an toujou gen yon tandans a rete laj, paske li gen yon elastisite lakay li.
-Gen fanm tou, depi sou yon sèl pitit, vajen an konn vle varye sou lajè li tou.
-Ebyen se senp, gen yon plant ki rele #Lalwa oswa Aloès an fransè (nom syantifik li se Aloe verra), anpil ayisyen konnen plant sa, e si'w pa konnen li mwen mete imaj ki ap fasilite'w konnen li.
-Fason pou'n itilize'l
1- Nou ap pran yon branch lalwa, nou ap koupe pati ki gen pikan yo, nap kale li, donk retire po vèt ki sou li a. Li gen yon pati transparan ladan'l ki tankou yon jèl, ou ap pran pati sa, ou ka koupe'l an ti moso epi sere l nan papye konsèv ki an aliminyòm yo pou'w pa nan plede refè menm pwosis sa yo chak fwa ou ap itilize jèl la, donk wap ka sere rès la.
2- wap itilize ti pati blan oswa jèl la, wap pase li nan vajen an, 3 a 4 fwa nan semèn lan avan nou al dòmi.
-Yon garanti de 2 a 3 mwa o minimòm
#Avètisman
Depi nou ap fè e swiv trètman sa, nou pa dwe nan fè bagay (sèks)😩